Skip to content

Fountain House Inc

Last updated: 10/26/2022

Adrès

19 West 100th Street
New York, NY 10025

Kontak

Imèl fhinfo@fountainhouse.org
Telefòn 212-582-0340
Telefòn - gratis
Telefòn - TTY
Sit entènèt http://www.fountainhouse.org/

Prezantasyon

Fountain House se yon òganizasyon benevòl nasyonal ki konsantre l sou sante mantal k ap goumen pou amelyore sante, ogmante opòtinite, epi mete fen nan kesyon mete moun maladi mantal ki plis touche yo apa. N ap dirije yon mouvman nasyonal pou diyite ak dwa moun ki gen maladi mantal grav yo lè nou konte sou plis pase 200 pwogram reyadaptasyon sosyal ki nan kominote a ki jwenn enspirasyon yo nan Fountain House moun konnen sou non "clubhouses" - pou reflete yon ensistans nan afilyasyon ak entegrasyon - nan plis pase 40 eta ak plis pase 60,000 manm nou yo.

Sèvis yo bay

Travay
  • Travay Peye (tankou travay ki byen favorize entegrasyon)
  • Eksperyans travay (tankou volontarya, stajyè, apranti, pwogram fòmasyon pou travay)
  • Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
  • Devlopman karyè (tankou ankadreman pou karyè, gwoup travay, konseye)
  • Fòmasyon nan-travay-la ak sipò (tankou moun k ap bay fòmasyon pou travay, teknoloji ki bay sipò, travay kote moun nan jwenn sipò)
  • Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Viv Endepandan/nan Kominote
  • Lojman/sèvis Rezidans (tankou apatman, lojman pou moun ki gen revni fèb)
  • Detant (tankou pak, sant spò, atizay, kan ete)
Swen sante
  • Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)
Sipò Fanmi
  • Resous nan domèn edikasyon pou fanmi
Edikasyon/Fòmasyon
  • Edikasyon pou granmoun (tankou lekti, matematik, kominikasyon, GED)

Ranje Laj Sipòte

  • Jèn granmoun (18+)

Rejyon yo sèvi

  • NEW YORK
  • RICHMOND
  • KINGS
  • QUEENS
  • BRONX