Adrès
230 Maple Street
Glens Falls, NY 12801
Suite 1
Prezantasyon
Mohawk Valley Community Action se premye resous pou moun k ap viv nan povrete nan Rejyon Oneida ak Herkimer, ki bay sèvis dirèk ak sèvis sipò pou edikasyon, travay ak sipò pou fanmi. Nou ofri pwogramasyon HeadStart nou an nan Rejyon Madison. Pou nenpòt moun k ap viv nan Mohawk Valley, menmsi yo te grandi nan povrete, oswa yo vin pòv bridsoukou akoz chomaj, andikap oswa yon chanjman kay, Mohawk Valley Community Action ta dwe konsidere kòm PREMYE ETAP lè y ap chèche èd. Mohawk Valley Community Action ede moun ki nan povrete pou yo suiv yon chemen ki klè pou yo jwenn amelyorasyon lè l bay espwa pou yon demen miyò pou moun nan kominote nou an ki plis bezwen sa.
Pandan plis pase 50 lane, Mohawk Valley Community Action ap sèvi antanke santral ki konekte moun k ap viv nan povrete yo ak Early Head Start, Head Start, ak Universal Pre-K, èd pou bezwen debaz, preparasyon taks; Asistans Lojman, Sèvis pou moun aje, Pwoteksyon kont move tan, Sèvis ankourajman pou Granparan ak Jèn. Anplis, MVCAA ede manm nan kominote a k ap viv nan povrete pou yo wè yon chemen klè k ap ede yo amelyore sitiyasyon yo. Kou vizyon sa a reyalize, gen yon van espwa k ap degaje. Santiman espwa a kòmanse piti, men li grandi tout pandan kliyan reyalize se toutbon li gen yon moun li ka konte sou li nan kominote a pou ede l konprann tout sèvis ki disponib pou li yo.
Sèvis yo bay
Travay
- Travay Peye (tankou travay ki byen favorize entegrasyon)
- Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
- Devlopman karyè (tankou ankadreman pou karyè, gwoup travay, konseye)
- Fòmasyon nan-travay-la ak sipò (tankou moun k ap bay fòmasyon pou travay, teknoloji ki bay sipò, travay kote moun nan jwenn sipò)
- Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Viv Endepandan/nan Kominote
- Lojman/sèvis Rezidans (tankou apatman, lojman pou moun ki gen revni fèb)
- Lojman ki gen sipò (tankou asistans nan kay, viv an gwoup)
- Konpetans lavi chak jou (tankou fè manje, netwaye, fè bidjè)
- Detant (tankou pak, sant spò, atizay, kan ete)
- Chanjman nan kay (tankou ranp, kontwòl anviwònman)
- Èd nan kesyon finans (tankou èd piblik, edikasyon nan domèn finans)
- Transpò (tankou transpò piblik, kou kondi, modifikasyon machin)
- Aksè ak manje (tankou bifèt manje)
Edikasyon/Fòmasyon
- Pwogram fòmasyon pwofesyonèl
Lòt Sèvis
- Defans dwa
- Teknoloji ki bay èd
Ranje Laj Sipòte
- Laj lekòl (5-18)
- Jèn granmoun (18+)
Rejyon yo sèvi