Adrès
1654 W Onondaga Street
Syracuse, NY 13204
Prezantasyon
Sèvis ak pwogram yo disponib pou timoun ak granmoun ki gen andikap nan domèn entèlektyèl/devlòpman, timoun k ap fè fas ak defi sante mantal, timoun ki pa ka rete lakay yo e ki bezwen fanmi akèy pou mete yo ak timoun ki Refijye ki pa gen moun ki akonpaye yo ki vin Etazini ki sòti tout kote nan monn ann e ki gen lavi yo ki boulvèse akoz konfli ak move tretman. Jèn moun sa yo resevwa sèvis fanmi akèy tou ak Toomey. Ajans lan ofri sèvis klinik tou ki gen Enfimyè Anrejistre, Enfimyè Lisansye Pratikan ak Terapis Lisansye ki nan ekip pou ede nan sante medikal ak konpòtman pou chak moun n ap bay swen.
Sèvis yo bay
Travay
- Eksperyans travay (tankou volontarya, stajyè, apranti, pwogram fòmasyon pou travay)
- Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
- Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Viv Endepandan/nan Kominote
- Lojman/sèvis Rezidans (tankou apatman, lojman pou moun ki gen revni fèb)
- Lojman ki gen sipò (tankou asistans nan kay, viv an gwoup)
- Konpetans lavi chak jou (tankou fè manje, netwaye, fè bidjè)
- Detant (tankou pak, sant spò, atizay, kan ete)
- Aksè ak manje (tankou bifèt manje)
Swen sante
- Espesyalis nan domèn sante k ap sèvi jèn ki gen andikap (tankou pedyat ki nan domèn devlòpman. terapis okipasyonèl, terapis fizik, sipò konpòtman)
- Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)
Sipò Fanmi
- Sipò gwoup (tankou paran, moun k ap bay swen, moun ki nan menm kondisyon)
- Resous nan domèn edikasyon pou fanmi
- Sèvis relèv
Lòt Sèvis
Ranje Laj Sipòte
- Laj lekòl (5-18)
- Jèn granmoun (18+)
Rejyon yo sèvi