Adrès
83 Maiden Lane
New York, NY 10038
Prezantasyon
Chak ane, AHRC New York City touche lavi plis pase 15,000 moun ki gen andikap entelektyèl ak nan domèn devlòpman toupatou nan senk awondisman yo. Kantite sèvis òganizasyon an ofri pa gen parèy.
Òganizasyon ki te kreye premye lekòl yo, pwogram lajounen ak lojman kominotè, kontinye reponn ak bezwen moun li yo ki gen andikap entelektyèl ak nan domèn devlòpman. Nou ofri moun yon pakèt pwogram, sèvis ak sipò ki fèt espesyalman pou satisfè bezwen byen presi yo genyen.
Jodi a, grasa yon kominote ki gen plizyè milye moun - prensipalman moun ki gen andikap entèlektyèl ak nan domèn devlòpman, fanmi yo, zanmi yo ak espesyalis nan domèn nan - AHRC New York City se youn nan pi gwo òganizasyon benevòl nan vil la. Gen yon Konsèy Administrasyon k ap dirije l, e de-tyè ladan l dwe se paran moun ki gen andikap nan domèn devlòpman, k ap travay ansanm ak yon ekip pwofesyonèl ki devwe.
Sèvis yo bay
Travay
- Travay Peye (tankou travay ki byen favorize entegrasyon)
- Eksperyans travay (tankou volontarya, stajyè, apranti, pwogram fòmasyon pou travay)
- Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
- Devlopman karyè (tankou ankadreman pou karyè, gwoup travay, konseye)
- Fòmasyon nan-travay-la ak sipò (tankou moun k ap bay fòmasyon pou travay, teknoloji ki bay sipò, travay kote moun nan jwenn sipò)
- Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Viv Endepandan/nan Kominote
- Lojman/sèvis Rezidans (tankou apatman, lojman pou moun ki gen revni fèb)
- Lojman ki gen sipò (tankou asistans nan kay, viv an gwoup)
- Konpetans lavi chak jou (tankou fè manje, netwaye, fè bidjè)
- Detant (tankou pak, sant spò, atizay, kan ete)
- Chanjman nan kay (tankou ranp, kontwòl anviwònman)
Swen sante
- Espesyalis nan domèn sante k ap sèvi jèn ki gen andikap (tankou pedyat ki nan domèn devlòpman. terapis okipasyonèl, terapis fizik, sipò konpòtman)
Sipò Fanmi
- Sipò gwoup (tankou paran, moun k ap bay swen, moun ki nan menm kondisyon)
- Resous nan domèn edikasyon pou fanmi
- Sèvis relèv
Edikasyon/Fòmasyon
- Preskolè/pwogram pou premye faz nan anfans
- Edikasyon siperyè (tankou kolèj kominotè. fakilte kat lane, edikasyon siperyè ki favorize entegrasyon)
- Pwogram fòmasyon pwofesyonèl
Lòt Sèvis
Ranje Laj Sipòte
- Bonè timoun (0-5)
- Laj lekòl (5-18)
- Jèn granmoun (18+)
Rejyon yo sèvi
- NEW YORK
- RICHMOND
- KINGS
- QUEENS
- BRONX