Skip to content

Goodwill Industries of Greater New York and Northern New Jersey

Last updated: 10/26/2022

Adrès

25 Elm Place, 3rd Floor
Brooklyn, NY 11201

Kontak

Imèl info@goodwillnynj.org
Telefòn (718) 728-5400
Telefòn - gratis
Telefòn - TTY
Sit entènèt https://www.goodwillnynj.org/

Prezantasyon

Premye Goodwill nan zòn metwopoliten Nouyòk la te ouvri nan Brooklyn nan lane 1915. Nou te kòmanse ak de (2) prèt, youn te sòti Brooklyn City Mission and Tract Society e lòt la te sòti Plymouth Church of the Pilgrims, ki te jwenn enspirasyon yo nan travay Rev. Dr. Edgar J. Helms ki te fonde Boston of national Goodwill. Goodwill Industries nan Brooklyn te vin byen vit; li te anrejistre antanke yon òganizasyon benevòl nan lane 1920 pou achte lokal la kote magazen ak sal travay yo te ye yo. Nan lane 1922, yon Goodwill nan Manhattan te kòmanse grasa New York Protestant Missionary Society. Goodwill Brooklyn ak Manhattan yo te vin fè yon sèl nan lane 1962 pou yo vin tounen Goodwill Industries of Greater New York. Demenajman nan santral nou an ki Astoria te fèt nan lane 1970. St. Paul's Community te fonde Goodwill Industries of New Jersey nan Jersey City nan lane 1919. Yon ti tan aprè, New Jersey Goodwill te vin voye sant pwogram li a kote li ye kounye a nan Harrison nan. Greater New York ak Northern New Jersey Goodwills te vin fè yon sèl nan lane 1999. Plis pase 100 ane aprè sa a, nou kontinye ede plis pase 60,000 moun chak ane - grasa 42 magazen ak 83 pwogram nou genyen yo - pou patisipe plis e nan yon fason endepandan nan sosyete a.

Sèvis yo bay

Travay
  • Travay Peye (tankou travay ki byen favorize entegrasyon)
  • Eksperyans travay (tankou volontarya, stajyè, apranti, pwogram fòmasyon pou travay)
  • Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
  • Devlopman karyè (tankou ankadreman pou karyè, gwoup travay, konseye)
  • Fòmasyon nan-travay-la ak sipò (tankou moun k ap bay fòmasyon pou travay, teknoloji ki bay sipò, travay kote moun nan jwenn sipò)
  • Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Swen sante
  • Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)
Sipò Fanmi
  • Sèvis relèv

Ranje Laj Sipòte

  • Jèn granmoun (18+)

Rejyon yo sèvi

  • NEW YORK
  • KINGS
  • QUEENS
  • BRONX