Adrès
234 Eugenio Maria De Hostos Blvd
Bronx, NY 10451
4a
Kontak
Imèl |
|
Telefòn |
718-579-5000 |
Telefòn - gratis |
|
Telefòn - TTY |
|
Sit entènèt |
http://www.nyc.gov/html/hhc/lincoln/html/home/home.shtml |
Prezantasyon
NYC Health + Lopital/Lincoln bay bon kalite sèvis swen sante nan kominote a pandan 177 lane. Depi lè l kòmanse fonksyone, Lincoln te travay avèk dilijans pou asire l kominote a jwenn swen medikal bon kalite, pwogram ak sèvis. Lincoln gen yon istwa rich e ki varye ki reflete pwogrè dinamik enstitisyon an ak kominote li sèvi a.
Jodi a, Lincoln kanpe kòm yon lidè nan transfòmasyon nan swen sante nan kominote ki nan Vil Bronk lan. NYC Sante + Lopital / Lincoln se yon lopital ki bay swen pou maladi grav e se youn nan premye sant twoma nan peyi a. Lopital la ofri sèvis debaz, lòt sèvis, swen pou fè prevansyon ak sèvis swen espesyalize yo. Nivo 1 Sant Twoma nou an se li ki pi okipe nan rejyon nòdès la. Lopital la gen yon ekip ki gen plis pase 300 doktè epi li gen 362 kabann pou akeyi pasyan k ap entène, ki gen ladan l 20 kabann swen entansif newonatal, 10 kaban pou swen entansif moun ki fè operasyon, 8 kabann swen entansif pou seksyon pedyatri, 7 kabann swen pou pwoblèm ki gen rapò ak kè, ak 11 estasyon agrandi pou dyaliz nan ren.
NYC Health + Lopital / Lincoln gen patenarya klinik li yo ak Physicians Affiliation Group of New York, P.C., ak yon patenasya akademik ak Weill Medical College of Cornell University, sa ki fè Lincoln se youn nan lopital yo ki pi kalifye, ki pi modèn e ki gen teknoloji ki pi avanse nan peyi a. Yo rekonèt anpil nan pwogram nou yo nan tout peyi a pou rezilta klinik san parèy ki satisfè oswa depase kritè ki etabli yo. Sant Ekselans nou yo bay yon nivo swen ki mete nou nan preye plas nan sektè medsin nan.
Nan NYC Health + Lopital / Lincoln, ekselans nan sèvis vle di ale pi lwen pase sa moun espere oswa egzije. Nou rekonèt e nou apresye divès kilti nou sèvi yo. Nou onore dwa tout moun genyen pou yo trete yo ak diyite e respè. Angajman nou gen anvè pasyan yo ede nou bay yon seri sèvis swen sante kiltirèl konpetan ki benefisye tout moun k ap viv Nouyòk yo.
Lincoln se yon manm nan sistèm sante NYC Health +Hospitals la.
Sèvis yo bay
Swen sante
- Espesyalis nan domèn sante k ap sèvi jèn ki gen andikap (tankou pedyat ki nan domèn devlòpman. terapis okipasyonèl, terapis fizik, sipò konpòtman)
- Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)
Ranje Laj Sipòte
- Bonè timoun (0-5)
- Laj lekòl (5-18)
- Jèn granmoun (18+)
Rejyon yo sèvi