Skip to content

TSINY (Transitional Services for NY, Inc.)

Last updated: 10/26/2022

Adrès

10-16 162nd Street
Whitestone, NY 11357

Kontak

Imèl
Telefòn 718-746-6647
Telefòn - gratis
Telefòn - TTY
Sit entènèt http://www.tsiny.org

Prezantasyon

Transitional Services for New York, Inc. (TSINY) se yon antrepriz benevòl ki nan plizyè domèn ki gen kontra ak Vil ak Eta Nouyòk pou l bay sèvis ki nan kominote a pou moun k ap sòti anba yon maladi mantal. TSINY te entène premye kliyan l yo pou sèvis rezidansyèl nan lane 1975 e nan moman an l ap bay plis pase 4000 moun sèvis chak ane. TSINY te fonde kòm yon lòt opsyon pou plasman alontèm nan lopital. Depi lè sa, TSINY agrandi pou l vin yon antrepriz ki nan plizyè domèn ki ofri yon seri pwogram rezidansyèl ak sèvis pou moun ki vin fè yon senp vizit ki la pou ogmante motivasyon pèsonèl, ranfòse konpetans travay epi ankouraje patisipasyon nan aktivite ki fèt nan kominote a. Byenke anpil benefisyè Sèvis Tranzisyon yo bezwen medikaman y ap kontinye pran ak terapi pou sipòte konpòtman yo, sa pa anpeche yo viv yon fason endepandan, gen yon travay ak responsabilite fanmi.

Sèvis yo bay

Travay
  • Eksperyans travay (tankou volontarya, stajyè, apranti, pwogram fòmasyon pou travay)
  • Devlòpman konpetans (tankou teknoloji, konpetans pou travay, anvan travay)
  • Devlopman karyè (tankou ankadreman pou karyè, gwoup travay, konseye)
  • Pwogram travay pou jèn ak granmoun
Viv Endepandan/nan Kominote
  • Lojman/sèvis Rezidans (tankou apatman, lojman pou moun ki gen revni fèb)
  • Lojman ki gen sipò (tankou asistans nan kay, viv an gwoup)
Swen sante
  • Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)
Sipò Fanmi
  • Sipò gwoup (tankou paran, moun k ap bay swen, moun ki nan menm kondisyon)
  • Resous nan domèn edikasyon pou fanmi
  • Sèvis relèv
Edikasyon/Fòmasyon
  • Edikasyon siperyè (tankou kolèj kominotè. fakilte kat lane, edikasyon siperyè ki favorize entegrasyon)
  • Pwogram fòmasyon pwofesyonèl
Lòt Sèvis
  • Defans dwa

Ranje Laj Sipòte

  • Jèn granmoun (18+)

Rejyon yo sèvi

  • NEW YORK
  • QUEENS
  • BRONX
  • KINGS
  • RICHMOND