Skip to content

Confidential Help for Alcohol and Drugs (CHAD)

Last updated: 06/23/2023

Adrès

75 Genesee Street
Auburn, NY 13021

Kontak

Imèl chad2000@centralny.twcbc.com
Telefòn 315.253.9786
Telefòn - gratis
Telefòn - TTY
Sit entènèt http://chadcounseling.org/

Prezantasyon

Nou se yon gwoup Konseye ki gen fòmasyon Wo Nivo nan Domèn Moun k ap Bwè pou yo sou e ki fè Abi Dwòg (CASAC), nou fè efò pou n ede kliyan nou yo reponn ak bezwen yo. C.H.A.D. gen lisans Biwo Sèvis ak Sipò pou Depandans nan Eta Nouyòk (OASAS) antanke yon etablisman ki resevwa pasyan ki pap entène ki bay sèvis klinik pou moun ki gen depandans nan dwòg ak fanmi yo ki sibi konsekans depandans yo a. Sèvis pou pasyan ki pap entène yo ka disponib nan diferan nivo entansite sa depann de bezwen pasyan an. Sèvis sa yo gen ladan yo ankadreman, edikasyon, ak koneksyon ak sèvis nan kominote a. C.H.A.D. se founisè prevansyon pou Rejyon Cayuga atravè OASAS e li bay yon gwo seri sèvis tankou pwogram edikasyon ki baze sou eksperyans, atelye travay, ak sesyon fòmasyon nan kad tankou lekòl nan kominote a. C.H.A.D. gen Asosyasyon San Dwòg Rejyon Cayuga a tou ki travay sou règleman ak ranfòsman efò k ap fèt pou diminye itilizasyon dwòg pami moun ki pa gen laj pou sa epi kreye opsyon aktivite pozitif pou jenès la.

Sèvis yo bay

Swen sante
  • Espesyalis nan domèn sante k ap sèvi jèn ki gen andikap (tankou pedyat ki nan domèn devlòpman. terapis okipasyonèl, terapis fizik, sipò konpòtman)
  • Sante mantal (tankou kriz, klinik, travay sosyal)

Ranje Laj Sipòte

  • Jèn granmoun (18+)

Rejyon yo sèvi

  • CAYUGA