Adrès
100 Abendroth Ave
Portchester, NY 10573
Prezantasyon
Human Development Services of Westchester (HDSW) te kreye aprè Futura House Foundation ak Human Development Services of Port Chester te vin fè yon sèl nan lane 1999. Women’s Conference, yon gwoup manm ki konsène nan Ethical Humanist Society te fonde Futura House, yon konpayi benevòl, nan lane 1968 ki te mete lojman pou sèt fi ki te gen maladi mantal ki te refè. Human Development Services of Port Chester te òganize nan lane 1978 grasa Reveran Henry Hobbs antanke yon Konpayi Prezèvasyon Katye pou bay lojman pou moun ki gen revni fèb ki abite nan Port Chester, e pi devan li te bay lojman pou moun ki te gen maladi mantal ki refè.
HDSW Kontinye Kreye Kominote pou moun ki nan Rejyon Weschester pou plis pase 45 lane, bay sèvis pou moun nan tout kwen nan Rejyon Westchester a. Sa mande pran yon gwoup anplwaye estrawòdinè ki devwe, manm Konsèy administrasyon yo, volontè yo ak sitou moun nou sèvi pou reyini ansanm pou kreye sans sa ki pou yon bagay pi gran pase nou.
"Bagay" sa a ede nou fè moun yo kontinye patisipe, fè yo santi yo entegre, yo bezwen yo e yo enpòtan, ki mennen nan devlòpman pèsonèl ak siksè nan HDSW. Nan HDSW gen opòtinite chak jou pou yon moun reyalize rèv li; pou l jwenn lojman stab, resevwa fòmasyon pou travay oswa ede l jwenn yon travay, pou resevwa bous etid pou retounen lekòl, oswa ede jwenn bon swen sante.
HDSW te toujou patisipe nan pwogrè nan sèvis ki nan kominote a ak sèvis dirèk yo pou popilasyon ki pi fèb nan Eta New York pou plis pase 45 lane. Jodia a nan mache swen sante a ki toujou ap chanje a, HDSW bay moun ki santre sèvis nan plis pase 3000 moun chak ane, atravè yon melanj inik de pwogram ki gen rapò antre yo HDSW bay: Sèvis Jesyon Swen pou moun ki refè ki te gen maladi Sante fizik ak maladi ki gen rapò ak Sante Konpòtman pou yo ka rete stab nan kominote a; Sèvis Rezidansyèl ki ofri opsyon Lojman Tranzisyonèl ak Pèmanan pou moun ak fanmi nan tout Sèvis Rejyon Westchester ak Sèvis Rekiperasyon Oryante nan HOPE House ki konsantre sou Travay, Edikasyon ak Angajman Sosyal. Yo chwazi HDSW kòm Konpayi Prezèvasyon Katye pou Vilaj Port Chester ak objektif pou ogmante ak prezève lojman abòdab pou rezidan Westchester yo. HDSW se yon Ajans Konsèy Lojman Apwouve HUD ki touche fanmi ki gen revni fèb ak revni modere nan tout Westchester. HDSW se sèl Ajans bi-leng Konsèy Lojman nan Westchester.
Pandan de dènye ane yo, HDSW te adrese objektif la Triple Aim lan pou amelyore eksperyans yon moun nan swen sante, amelyore sante yo epi redwi pri yo pou bay swen. Youn nan etap enpòtan yo se te pou mete tèt ansanm ak lòt ajans sèvis kominotè sou sante konpòtmantal ak andikap ki baze sou valè Hudson Valley ki gen menm entansyon pou fòme Sèvis Sante Konpòtman Kowòdone (CBHS). Efò konjwen nou yo te pèmèt nou reponn a rapidman chanje anviwònman swen sante nan Eta New York ak devlope relasyon biznis yo enpòtan ki nesesè pou dirab.
HDSW se yon patnè fyè nan CBHS e kounye a, nan Kowòdone Swen Sante Konpòtman (CBHCare). CBHCare se yon patenarya ant CBHS ak Hudson River Health Care, yon Sant Sante Kalifye nan domèn Federal, ki te pwouve sèvis nan Westchester depi 1975. Kolaborasyon sa a aktivman entegre pwovizyon sèvis sante ak konpòtman pou kliyan nou yo, pou yo ka adrese bezwen sante yo nan yon sèl kote, ak yon sèl ekip pou ede pwofesyonèl yo; e konsa resevwa pi bon swen an.
Atravè patisipasyon nou nan CBHS ak nan agrandisman spèk sèvis nou yo, HDSW ap prepare pou aplikasyon Eta New York nan Swen Kontwole pou Konpòtman pou tout moun ki resevwa Medicaid yo. Nou ap edike ak prepare sa yo nou sèvi pou chanjman ki ap apwoche vit Sa a se yon moman trè eksitan.
Kòm yon ajans prive, ki pa pou fè pwofi, 501 [c] (3), HDSW gen lisans pa, epi li resevwa finansman nan biwo Eta New York pou Sante Mantal. Nou menm tou nou gen yon pati ki jwenn finansman Divizyon Eta New York pou Lojman ak Renouvèlman Kominotè, Depatman Lojman ak Devlopman Iben, ak Depatman Edikasyon Eta NY (ACCES-VR), Biwo Eta New York pou Moun ki gen Andikap Devlòpman, Rejyon Westchester, fondasyon prive, ak moun ki kontribye yon fason endividyèl.
Sèvis yo bay
Ranje Laj Sipòte
Rejyon yo sèvi